Mwen fè desizyon al nan eleksyon kòm kandida pou Kongrè paske mwen konnen nou bezwen dirijan Wachintonn ki pral travay plis sou pwoblèm ki pi enpòtan tankou: fè swen sante vin pi bon mache pou tout moun, ogmante ekonomi nou epi bay plis travay ki pi bon, fè sistèm edikasyon nou an vin pi solid, epi sispann lagè Irak la ak lagè Afganistan an.
Mwen vle kontinye fè sèvis mwen itil kominote nou ak peyi nou . Mwen vle sèvi ak esperyans mwen kòm doktè, avoka, militè, òm dafè, papa, epi mari pou m travay pou moun ki rete nan 17yèm Distri Kongrè a pou Eta Florid la. Mwen vle ede bati yon Etazini ki pi djanm epi mwen vle ede kreye plis opòtinite pou nou tout.
Tanpri pran yon ti moman pou w chèche konnen sa ki nan sit entènèt kanpay mwen an. W ap jwenn plis enfòmasyon sou ki moun mwen ye epi pou ki sa mwen poze kandida m pou Kongrè a. Epitou ou kapab enskri pou w ka bay plis kout men epi pou montre ou avèk mwen.
Mwen konnen si nou mete tèt nou ansanm nou kapab prepare yon demen miyò, nou kapab bati yon kominote ak yon peyi ki pi djanm. Mwen pap pran anpil tan pou m kontinye dyalòg sa a avèk ou.
Mwen ann espwa wè w nan pakou kanpay la pral fè yo,

Doktè Rudolph “Rudy” Moise |